Genesis 47:30
Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo, lè m aval jwenn fanmi mwen yo ki mouri deja a. Se pou ou pran kadav mwen, pote l' soti peyi Lejip, al antere l' nan kavo fanmi m' yo. Jozèf reponn li: -m'a fè jan ou mande m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 23:19Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran.
Genesis 49:29Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
Genesis 50:25Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.
1 Kings 13:22Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.
Nehemiah 2:5Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.