Genesis 26:28
Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:23Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
Genesis 24:3Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
Genesis 31:44Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a.
Genesis 39:5Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'.
1 Samuel 18:28Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,
2 Chronicles 15:9Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.