2 Chronicles 15:9
Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa.
Cross References
Genesis 39:3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
1 Kings 3:28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
1 Chronicles 12:19Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.
2 Chronicles 19:4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.
2 Chronicles 30:25Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te soti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la.
Zechariah 8:23Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.