Genesis 27:28
Se pou Bondye ba ou lawouze ki soti nan syèl la. Se pou l' fè jaden ou donnen anpil. Se pou l' ba ou bèl rekòt ble ak rezen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:39Se konsa Izarak di l': -Latè p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. p'ap gen lawouze ki soti nan syèl la pou wouze jaden ou.
Genesis 49:20Peyi Asè a ap bay bon manje k'ap bay fòs. L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo.
Numbers 18:12M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
Deuteronomy 8:7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,
Deuteronomy 32:2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.
Deuteronomy 33:28Pèp Izrayèl la ap viv ak kè poze. Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo. Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven, nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli.