Deuteronomy 33:28
Pèp Izrayèl la ap viv ak kè poze. Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo. Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven, nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:28Se pou Bondye ba ou lawouze ki soti nan syèl la. Se pou l' fè jaden ou donnen anpil. Se pou l' ba ou bèl rekòt ble ak rezen.
Numbers 23:9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!
Deuteronomy 11:11Non! Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli soti nan syèl wouze tout tan.
Deuteronomy 32:2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.
1 Kings 5:5Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.
Proverbs 5:15Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.