Genesis 3:5
Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
Cross References
Genesis 2:9Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
Genesis 3:7Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo.
Genesis 3:22Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.
Exodus 20:7Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
1 Kings 22:6Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.
Psalms 12:4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?