Exodus 20:7
Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
Cross References
Genesis 27:20Izarak di Jakòb: -Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: -Seyè a, Bondye ou la, ede m'. Li fè jibye a vin devan mwen.
Leviticus 24:11Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
Deuteronomy 5:11Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi.
Joshua 2:12Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
Joshua 9:20Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou.
1 Kings 2:9Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l'. Jwenn yon jan pou fè yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.