Genesis 3:8
Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye?
Cross References
Genesis 3:10Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.
Deuteronomy 5:25Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò?
Job 22:14Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.
Job 34:21L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.
Psalms 139:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.