Genesis 30:43
Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:2Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò.
Genesis 26:13Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
Genesis 30:30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
Genesis 31:42Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
Genesis 32:14Li pran desan (0200) fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye,
Genesis 36:7Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a.