Genesis 31:11
Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi.
Bib La
In The King James Version
And the angel of God spake unto me in a dream, saying, Jacob: And I said, Here am I.
In Context
Cross References
Genesis 18:1Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an.
Genesis 22:1Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
Genesis 31:5Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'.
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
1 Samuel 3:4Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi!
1 Samuel 3:8Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, epi li di l': -Mwen tande ou rele m'. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t'ap rele ti gason an.