Genesis 31:24
Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Msye pran moun pa li yo avè l', li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad.
Cross References
Genesis 20:3Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
Genesis 28:5Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou.
Genesis 31:29Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
Genesis 40:5Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo.
Numbers 12:6Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.
Numbers 22:26Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch.