Genesis 32:11
Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
1 Samuel 12:10Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.
2 Samuel 7:18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?
Psalms 25:20Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
Psalms 43:1Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
Psalms 119:134Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.