Genesis 32:2
Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.
Bib La
In The King James Version
And when Jacob saw them, he said, This is God’s host: and he called the name of that place Mahanaim.
In Context
1Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.
3Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
Cross References
Joshua 5:14Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou?
2 Samuel 2:8Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.
2 Samuel 17:24Lè Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gen tan rive lavil Manayim.
1 Kings 2:8Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.
2 Kings 6:17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
Psalms 103:21Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!