Genesis 32:26
Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb.
Cross References
Exodus 32:10Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.
1 Chronicles 4:10Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.
Psalms 67:6(067:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
Song of Solomon 3:4Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.
Isaiah 45:11Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè?
Hosea 12:4Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.