1 Chronicles 4:10
Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton.
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 28:20Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,
Genesis 32:26Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Genesis 48:16Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.
Judges 1:27Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.