Genesis 34:7
Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l'.
8Amò di yo konsa: -Pitit gason m' lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l'.
Cross References
Genesis 46:7Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.
Leviticus 4:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':
Leviticus 4:27Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,
Deuteronomy 23:17Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.
Judges 19:22Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.
Judges 20:6Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.