Judges 19:22
Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:5Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo?
Judges 16:25Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto.
Judges 20:5Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri.
1 Samuel 1:16Tanpri, mèt! Pa pran m' pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m'.
1 Samuel 10:27Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.
2 Samuel 23:6Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.