Genesis 37:14
Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,
Bib La
In The King James Version
In Context
15li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa?
Cross References
Genesis 23:2Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.
Genesis 35:27Jakòb al wè papa l' Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo.
Genesis 43:27Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvèl li non? Li la toujou? Li byen?
Joshua 14:13Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li.
1 Samuel 17:17Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an.
1 Samuel 17:22David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.