Genesis 37:26
Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa?
Bib La
In The King James Version
And Judah said unto his brethren, What profit is it if we slay our brother, and conceal his blood?
In Context
Cross References
Genesis 4:9Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'?
Genesis 25:32Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'?
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Job 16:18Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
Jeremiah 41:8Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo.
Matthew 16:26Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?