Deuteronomy 17:8
Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:26Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
Exodus 21:20Lè yon moun leve men l' sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la.
Exodus 21:28Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.
Numbers 35:11se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon.
Numbers 35:19Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'.
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.