Genesis 38:14
Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri.
Cross References
Genesis 38:11Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
Genesis 38:26Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò.
Jeremiah 3:2Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo.