Jeremiah 3:2
Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:14Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.
1 Kings 11:3Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.
Proverbs 7:11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
Jeremiah 2:7Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans.
Jeremiah 2:23Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
Jeremiah 3:9Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.