Genesis 39:21
Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
Cross References
Genesis 21:22Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.
Genesis 39:3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Genesis 40:3Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an.
Exodus 3:21m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou.
Exodus 12:36Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.
Psalms 105:22Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.