Genesis 39:3
Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:20Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.
Genesis 21:23Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
Genesis 26:28Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
Genesis 30:30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
Genesis 39:23Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.