Genesis 39:23
Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
Cross References
Genesis 40:3Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an.
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Psalms 37:3Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
Daniel 6:22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?