Genesis 4:15
Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:18Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Leviticus 26:24mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.
1 Kings 16:7Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
Psalms 79:12Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Hosea 1:4Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.