Genesis 4:16
Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.
Bib La
In The King James Version
And Cain went out from the presence of the LORD, and dwelt in the land of Nod, on the east of Eden.
In Context
Cross References
Genesis 3:8Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
Exodus 20:18Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
2 Kings 24:20Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
Psalms 5:11(05:12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
Jeremiah 23:39m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo.