Genesis 4:23
Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:18Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Judges 9:7Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.