Judges 9:7
Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:6Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè.
Deuteronomy 27:12-Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.
Psalms 18:40(018:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
Proverbs 1:28le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
Proverbs 28:9Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
Isaiah 58:6Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.