Genesis 4:6
Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa?
Bib La
In The King James Version
And the LORD said unto Cain, Why art thou wroth? and why is thy countenance fallen?
In Context
Cross References
1 Chronicles 13:11David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Jeremiah 2:31(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!
Jonah 4:9Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri.
Matthew 20:15Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?
John 4:1Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.