Genesis 4:8
Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'?
Cross References
2 Samuel 3:27Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.
2 Samuel 14:6Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la.
Nehemiah 6:2Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m' yo ta renmen kontre avè m' lavil Akkefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t'ap chache yon jan pou yo fè m' mal.
Psalms 24:3Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
Psalms 55:21(055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
Proverbs 26:24Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.