Psalms 55:21
(055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
20(055:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.
Cross References
2 Samuel 16:19Lèfini, ki moun pou m' ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou.
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Psalms 57:4(057:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
Psalms 62:4(062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
Proverbs 5:3Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
Proverbs 26:24Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.