Genesis 41:14
Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l' soti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l', li chanje rad, epi li parèt devan farawon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
2 Kings 25:29Li wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' chak jou jouk Jojakin mouri.
Esther 5:1Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
Psalms 105:20Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.
Ecclesiastes 4:14Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy.
Isaiah 61:10Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.