The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 61 › Isaiah 61:10

Isaiah 61:10

Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.

Bib La

In The King James Version

I will greatly rejoice in the LORD, my soul shall be joyful in my God; for he hath clothed me with the garments of salvation, he hath covered me with the robe of righteousness, as a bridegroom decketh himself with ornaments, and as a bride adorneth herself with her jewels.

In Context

9Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni.

11Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.

Read all of Isaiah 61

Cross References

Exodus 28:2W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l' ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li.

2 Chronicles 6:41Koulye a, leve non, Seyè, Bondye! Vin kote pou ou pran repo a! Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè wè jan ou gen pouvwa. Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans! Se pou tout pèp ou a rele tèlman yo kontan!

Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.

Psalms 45:13(045:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.

Psalms 132:16M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 61:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 61:9Isaiah 61Isaiah 61:11 →