The Bible Software
bible.software › Genesis › Genesis 41 › Genesis 41:43

Genesis 41:43

Li fè l' moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a apre cha wa a. Li bay gad onè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo di byen fè: Abrèk. Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la.

Bib La

In The King James Version

And he made him to ride in the second chariot which he had; and they cried before him, Bow the knee: and he made him ruler over all the land of Egypt.

In Context

42Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'.

44Farawon an di Jozèf: -Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pesonn pa gen dwa fè anyen ni al ankenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou.

Read all of Genesis 41

Cross References

Genesis 42:6Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.

Genesis 42:33Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.

Genesis 45:26Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo.

Esther 3:2Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou montre jan yo respekte l'. Tout anplwaye yo te fè sa vre esepte Madoche ki te derefize fè bagay konsa.

Ecclesiastes 4:14Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy.

Acts 7:10Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Genesis 41:43

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Genesis 41:42Genesis 41Genesis 41:44 →