Genesis 41:42
Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
41Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la.
Cross References
Esther 3:10Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pa t' vle wè jwif yo.
Esther 6:7Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remèsye pou sèvis li rann ou!
Esther 8:8Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.
Esther 8:15Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.
Proverbs 1:9Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou.
Proverbs 31:24Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.