Genesis 42:13
Yo di l': -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
14Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye.
Cross References
Genesis 29:32Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
Genesis 35:16Apre sa, yo pati yo kite Betèl. Yo pa t' twò lwen rive lavil Efrata lè lè a te rive pou Rachèl akouche. Li t'ap soufri anpil.
Genesis 42:11Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.
Genesis 42:36Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
Genesis 43:7Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li?
Genesis 44:20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.