Genesis 44:20
Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè.
21Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.
Cross References
Genesis 37:3Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li.
Genesis 37:33Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt.
Genesis 42:36Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
Genesis 43:7Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li?
Genesis 46:21Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad.
Luke 7:12Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.