Genesis 43:34
Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 1:5Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l' anpil, atout Seyè a pa t' ba li pitit.
2 Samuel 11:8Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li.
Ecclesiastes 9:7Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Song of Solomon 5:1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
Matthew 11:19Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.