Song of Solomon 5:1
M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 16:13Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.
2 Chronicles 31:6Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a. Yo pote yo fè pil sou pil.
Psalms 147:11Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
Song of Solomon 4:9Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen.
Song of Solomon 6:2Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè.
Song of Solomon 8:1Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.