Genesis 44:16
Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:7Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe.
Genesis 37:18Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'.
Genesis 43:8Jida di Izrayèl, papa l', konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou.
Genesis 44:32Wi, se mwen menm ki te bay papa m' garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l': Si m' pa mennen l' tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l' jouk jou mwen mouri.
Deuteronomy 25:1Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.
Joshua 7:18Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a.