Genesis 44:17
Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m' esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Genesis 37:32Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan.
Genesis 44:10Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.
Psalms 75:2(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.