Luke 7:12
Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!
Cross References
Genesis 22:2Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.
2 Samuel 14:7Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.
1 Kings 17:12Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
1 Kings 17:23Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan!
2 Kings 4:20Domestik la pran ti gason an, li pote l' bay manman l'. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri.
Zechariah 12:10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.