Genesis 44:31
kou la gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m' san pitit gason l' sa a, ki de je nan tèt li,
Cross References
Genesis 37:35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.
1 Samuel 4:17Mesaje a reponn, li di l' konsa: -Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a.
2 Corinthians 7:10Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.