Genesis 46:15
Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl.
16Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli.
Cross References
Genesis 29:16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
Genesis 30:17Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.
Genesis 34:1Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.
Genesis 49:3Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.
Numbers 1:1Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:
Numbers 26:1Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa: