Genesis 47:26
Se konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk koulye a toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pa t' pou farawon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:20Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran.
Genesis 41:34Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo.
Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
Deuteronomy 14:22Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa.
Ezra 7:24Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.