Genesis 48:21
Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:14Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Genesis 37:1Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'.
Genesis 47:29Lè sa a, Izrayèl vin wè li pa t' gen lontan pou l' viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l' konsa: -Si ou renmen m' vre, tanpri, fè m' sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m'. Tanpri, pa antere m' nan peyi Lejip.
Genesis 50:24Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
Deuteronomy 31:8Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.