Genesis 49:1
Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.
Cross References
Deuteronomy 4:30Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.
Deuteronomy 31:28Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 39:6Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Isaiah 53:1Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?