The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 31 › Deuteronomy 31:28

Deuteronomy 31:28

Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.

Bib La

In The King James Version

Gather unto me all the elders of your tribes, and your officers, that I may speak these words in their ears, and call heaven and earth to record against them.

In Context

27Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Seyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd.

29Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.

Read all of Deuteronomy 31

Cross References

Genesis 49:1Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.

Numbers 11:16Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.

Deuteronomy 29:10Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,

Deuteronomy 31:12N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.

2 Kings 23:1Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l'.

Luke 19:40Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 31:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 31:27Deuteronomy 31Deuteronomy 31:29 →