Genesis 49:25
Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
Genesis 28:13Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
Genesis 35:3Nou pral kite kote nou ye a, nou pral Betèl, kote mwen pral bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lapriyè m' lè m' te anba tray la, pou Bondye ki te la avèk mwen kote m' pase nan vwayaj mwen te fè a.
Genesis 43:23Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
Deuteronomy 28:2Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:
Deuteronomy 33:13Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou.